Fermer

ÉCRIRE AU PRÉSIDENT DE LA RÉPUBLIQUE D'HAÏTI

Vous avez toujours la possibilité d'écrire au Président de la République par voie postale, à l'adresse suivante :

Adresse postale:
Bureau de la Présidence
Palais National
Ave de la République - Champs de Mars
Port-au-Prince - Haiti

Communiqués de presse

Retourner

RANKONT ENPOTAN SOU ZAFÈ SEKIRITE NASYONAL

Oct 26, 2011

Prezidan Repiblik la, Ekselans Michel Joseph MARTELLY, rankontre, jodi mèkredi 26 Oktòb la, nan Palè Nasyonal, plizyè Anbasadè ak Chaje Dafè ki akredite nan peyi Dayiti. Se te Anbasadè Didier LEBRET pou peyi Lafrans, Henri Paul NORMANDIN pou peyi Kanada, Mauricio Leone BRAVO pou peyi Chili, kèk Chaje Dafè tankou Dan FOOT pou peyi Etazini, Daniel PINTO pou peyi Brezil, Benoit BAZIN pou Inyon Ewopeyèn ak Chèf MINUSTAH a, Mariano Fernandez AMUNATEGUI.

Pandan rankont enpòtan sa a ki te dewoule nan prezans Premye Minis Garry CONILLE, kèk nan manm Gouvènman li an ak kèk palmantè, Chèf Leta a te pale ak Diplomat yo sou sekitite nasyonal.

"Nou te diskite sou sijè ki entèrese tout moun sou sa ki gen pou wè ak sekirite. Pa twò lontan, nap bay popilasyon an tout detay sou sa", daprè sa Prezidan MARTELLY anonse.

Prezidan Repiblik la, ki vle Ayiti tounen yon peyi ki chita sou lalwa kòm youn nan 4 poto mitan pwogram li an, kontinye pran angajman pou pèmèt gen yon klima sekirite ki kapab fasilite moun ki gen lajan vinn envesti nan peyi a.