Fermer

ÉCRIRE AU PRÉSIDENT DE LA RÉPUBLIQUE D'HAÏTI

Vous avez toujours la possibilité d'écrire au Président de la République par voie postale, à l'adresse suivante :

Adresse postale:
Bureau de la Présidence
Palais National
Ave de la République - Champs de Mars
Port-au-Prince - Haiti

Communiqués de presse

Retourner

Alerte orange - Intemperie

Aoû 1, 2011

Pòtoprens, Lendi premye Out 2011. – Prezidans lan ap raple Biwo Pwoteksyon Sivil deklare nivo prekosyon Oranj nan peyi-a depi jodi lendi premye Out la pou rive mèkredi kap vini an, nan okazyon pasaj yon move tan nan zòn nan.

Konsa, Prezidans lan ap mande popilasyon an respekte konsiy otorite yo lè tan move, tankou:

- tande mesaj kap pase sou kondisyon tan an ;

- pwoteje tout sa ki dwe pwoteje pou si ta gen inondasyon ;

- pase men sou do kay tòl yo epi mete tant yo atè nan kan deplase yo;

- konsève manje;

- mete n prè pou si nou dwe kite zòn ki make danje yo;

- pa travèse rivyè kap desann sou ankenn pretèks ;

- abrite n kote ki asire andedan kay yo, lwen fenèt yo lè gen loraj.

Prezidans lan, ki pran sitiyasyon sa yo oserye, mande chak moun nan popilasyon an pou tande ak anpil atansyon bilten nouvèl sou tan an pou evite moun pèdi lavi ak byen yo nan neglijans.